Pòdpè: TPTC ap fè jefò pou dezanklave plizyè katye nan vil la

335

Pòdpè___(TRiboLAND) Apwè plizyè jou dega dlo desann, labou, fatra ak mizèrere, TPTC lanse yon aktivite netwayaj nan plizyè ri nan site kapwa Lamò a jodi lendi 22 jwen 2020 an.

Byen bonè maten an, moun nan site Richard Buisson te remake plizyè va e vyen traktè ki tap raboure ak lode plizyè volim labou ak fatra ki rann sikilasyon an paralyze depi kèk jou nan zònn Gran savann nan Pòdpè.

Pou kèk moun lap mande plis mwayen ak fòs pwodiksyon pou TPTC arive dezankonbwe vil la ak yon latriye lòt katye ki te pran gwo fwap nan dènye latwoublay klimatik yo.

Retire dlo ak labou anndan kay se yon penitans kotidyen pou pòdepezyen yo kap pase tray anba je yon ekip eli lokal initil ki pa jennen nan vòlè, nan kidnapping ak nan fè fòtenn sou do depatman Nòdwès la.

Tamara Accéus, TRiboLAND

Comments are closed.