Evèk dyosèz Jeremi an, selebre fèt Notre Dame Altagrace, nan lokatite Ladig.

862

01 – 21- 2024

Jeremi, Ayiti (TRiboLAND) Nan objektif pou pote levanjil la lakay sa yo ki nan zonn rekile yo, Evèk dyosèz Jeremi an, selebre fèt Notre Dame Altagrace, jodi dimanch 21 janvye 2024 la, nan lokatite Ladig.

Selon Evèk Joseph Gontran Decoste, nan kad misyon Pap François bay tout Evèk yo nan peyi Ayiti, li enpòtan pou pote pou pawòl Bon Dye lavi a, bay pèp la, nan zònn ki pi rekile yo.


Se nan kontèks sa, komite Legliz katolik, pawas Notre-Dame Fatima nan Ladig, komin Jeremi fete, fèt Notre Dame Altagrace. Yon seremoni ki dewoule anprezans plizyè dizènn, pèlerin fidèl legliz katolik, ak lòt manm nan kominote Ladig la.

Sete okazyon egalman, pou Evèk dyosèz Jeremi an, Joseph Gontran Decoste, mande kriminèl bandi tout plim ,tout plimaj yo, pou pwan tikal konsyans sou move eta pèp ayisyen an ap viv. Li mande yo pou yo sispann miltipliye krim.

Comments are closed.