Aprè plizyè ane blackout , lopital Sent Antwann Jeremi, benefisye kouran pou fe foonksyon tout aparèy medikal yo

12 -27- 2025
Jeremi, Ayiti (TRiboLAND) Aprè plizyè ane difikilte pou jwenn yon lòsyè elektrisite pou bon fonksyonnman lopital Sent Antwann nan Jeremi, finalman ta sanble mizèrere blackout la rezoud pou estrikti medikal la.
Granmesi yon pwojè Biwo Nasyon Zini kap apiye sèvis pwojè UNOPS yo, pwoblèm kouran ki te lakoz blòk sanitè fonksyone; nan moman nap ekri tèks sila, genyen kouran san rete ki ap pwodwi gras ak yon sistèm solè.
Daprè responsab sanitè yo nan lopital referans depatmantal Sentantwann lan, nan jou pase yo se ak flash ou telefòn prestation swen yo nan diferan domèn te konn itilize pou bay kliyantèl la sewn sante. Konsa, gras ak finansman pwojè sila a, ki evalye ak plis ke san mil dola ameriken, jounen jodia, kouran disponib lajounen kou lannwit pou fasilite tou fòm operasyon yon lmalad kapab nesesite.
Yon parèy inityativ jwen benediksyon anpil moun nan kominote a. Yo bat bwavo ak kontantman pou yon parèy pwojè ke kominote entènasyonal la, atravè (UNOPS) Realize pou kominote jeremyènn lan.






