Senlwidinò: Ansyen kazèk 3èm seksyon an, John Altès mande popilasyon an rete veyatif pou yon lòt gwoup bandi pa pran chè nan seksyon an.

938

03 – 05 – 2024

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Ansyen kazek 3èm seksyon Dègranj nan komin Senlwidinò a, John Altès, nan yon rankont ak laprès mande popilasyon an rete veyatif pou anpeche yon lòt gwoup bandi pran chè nan mitan popilasyon an ankò.

Altès mande paran yo pran responsabilite yo ak jèn yo ki livre pou kont yo nan lari a, pou yo pa tonbe nan kouri ankò nan tout seksyon yo. Yon lòtbò li ankouraje jèn yo pran chemen lekòl, chwazi yon metye nan fondasyon TRiboLAND kap distribiye fòmasyon gratis nan komin nan pou nou gen metye pou anpeche nou pa tonbe nan move aksyon grenn senk.

Ansyen kazèk la felisite fondasyon TRiboLAND pou fason lap oryante jenès la pou yo kapab reyisi nan lavi yo. Se mank ankadreman bò kote otorite yo nan leta ki lakòz jèn yo ap tonbe nan tout move zak malonèt jounen jodi a ki se yon deranjman grav pou tout sosyete Ayisyen an.

Comments are closed.