Konsèy minisipal Senlwidinò a, akonpanye TPTC kòmanse travay wout Rivyè Senlwi a .Senlwidinò a, akonpanye TPTC kòmanse travay wout Rivyè Senlwi a .

08 – 19 – 2024
Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Jan direktè meri Senlwidinò a te anonse semèn pase a, Konsèy minisipal la akonpanye responsab TPTC yo kòmanse travay twonson wout Rivyè Senlwi a, jounen lendi 19 out 2024 la .
Travay sa demare gras ak demach minis komès Ricadin Saint Jean te fè pou meri a te ka jwenn 3 san milyon goud pou reyabilite wout la kite andomaje aprè gwo lapli kite fin tonbe sou depatman Nòdwès la.
Yon lòt kote direktè Jude Alcindor fè konnen se demach pou debloke lajan yo ki te anpil se sak fè travay la tap trennen.
Nap raple w, yon parèy mega-pwojè koute 17 milyon goud; se yon boukanen tann chat” y’ap fè pou anpeche rivyè a pote lopital Kominotè Otrichen nan lanmè, men gen lòt demach kap fèt toujou pou rès travay yo rive fèt.







Mèsi TRIBOLAND pou tout enfo ou yo
TRIBOLAND La Tortue
Bnju fondasyonTriboland mw kntan mw remèsye nu pu travay nn PDG Louissaint Bndye avw FondasyonTriboland wo moustik jean Charles Welcama