Peyi Dayiti finalman konnen yon nouvo prezidan ak yon premye minis.

862


04 – 30 – 2024

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Apre plizyè lane ti bout tè Papa Desalin nan pase san prezidan, finalman jounen madi 30 avril 2024 la, manm CPT yo nan “Villa D’accueil” deside chwazi yon alatèt ki se, Edgar Leblanc Fils epi Fritz Bélizaire kòm premye minis.

Nouvèl pou mete Smith Augustin, ke anpil moun konsidere kòm yon enkoni nan tèt egzekitif gouvènmantal la gaye kon kout zèklè, kontrèman ak mesaj zèfèyis yo tap sikile konsènan divès lòt pèsonalite ki te ka vin premye Minis.

Li enpòtan pou konnen, chwa Fritz Bélizaire an sòti bò kote plizyè manm nan CPT a tankou, Smith Augustin, Emmanuel Vertilaire, Louis Gérald Gilles ak Edgard Leblanc Fils.

Comments are closed.