Model JAZZ retounen nan Nòdwès aprè yon toune promosyonèl siksè nan Naso Bahamas

01/04/2026
Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Aprè yon toune mizikal ki byen reyisi nan Naso Bahamas, Model JAZZ retounen nan Nòdwès peyi a, plis presizeman nan vil Pòdpè, jou samdi 3 janvye 2026. Gwoup la te kite Nòdwès depi anvan fèt Nwèl la pou ale pèfòme nan plizyè aktivite nan Naso, kote yo te reprezante mizik nòdwès la ak anpil fyète.
Touswit aprè arive yo, responsab Model JAZZ yo te rankontre laprès nan Nòdwès pou fè pwen sou toune a. Se Noelo Calico ki te ouvè seremoni an, aprè Mayestro JAZZ la, Show Off te pran lapawòl pou bay plis detay sou eksperyans yo nan Bahamas. Dapre li, deplasman sa a te gen plis yon objektif pwomosyonèl pase komèsyal, gras ak gran soutyen responsab JAZZ yo ni an Ayiti ni aletranje. Toune a te pèmèt gwoup la elaji vizyon li epi louvri lòt pòt pou pwojè k ap vini yo.
Mayestro a fè konnen, malgre karaktè pwomosyonèl vwayaj la, deja gen plizyè kontak ki fèt e sa kapab abouti sou lòt pèfòmans Model JAZZ nan Naso nan tan k ap vini la. Pasaj gwoup la te konsidere kòm trè satisfezan, sitou lè n konnen Model JAZZ vin tounen twazyèm gwoup mizikal Nòdwès ki pèfòme nan Naso pandan ane 2025 la, aprè FRIZZ ak K-ZI.
Gran retou sa a bay anpil motivasyon ak enèji pou responsab gwoup la, ki deja anonse y ap kontinye travay seryezman sou nouvo albòm lan, ki kapab parèt nan mwa jen k ap vini la. Yo lanse yon apèl bay fanatik yo pou kontinye sipòte yo, paske gen anpil bèl sipriz k ap vini.
Se Berly Yvenert ki te klotire sware koktèl la, kote li remèsye tout moun ki te prezan, laprès ak fanatik yo. Li envite piblik la pran randevou pou:
10 janvye nan Otèl Dieu Qui Décide, Orèl (Pòdpè)
11 janvye nan zòn Frazon epi 17 janvye nan Bikini Plage, Pòdpè
Tout dat sa yo make gran retou ofisyèl Model JAZZ nan peyi Dayiti, espesyalman nan depatman Nòdwès la.






