Kabinè Caleb Jean Baptiste et Associés denonse yon nòt ilegal ak diskriminatwa Bawo Pòtoprens mete deyò kont Me Caleb

283
0
Share:
TRiboLAND

Pòtoprens, Ayiti _____(TRiboLAND) Kabinè Avoka Caleb Jean Baptiste et Associés Law-Firm enfòme popilasyon an, an jeneral, epi kliyan yo, pou fè yo konnen ke yo rejte nèt alkole nòt Bawo Pòtoprens lan ki pote sinyati Batonye Me Max Stanley Lafortune, kote yo mande pou yo fèmen kabinè a epi entèdi Me Caleb pratike kòm avoka nan jiridiksyon an.

Me Caleb fè konnen nòt sa a se yon zak ilegal, abitrè ki chaje diskriminasyon, ki pa gen okenn baz legal. Li raple ke kabinè li a legalman anrejistre epi ap fonksyone selon lwa peyi a, daprè sa atik 50, 52 ak 53 nan dekrè 29 mas 1979 sou egzèsis pwofesyon avoka a presize.

Se pa premye fwa Bawo Pòtoprens ap eseye mete fren nan travay mwen, paske mwen ap jere kèk dosye sansib ki gen enpòtans pou byennèt pèp la ak avni peyi a. Men, mwen pap kite pèsekisyon fè m fè bak.” Se deklare Mèt Caleb nan Nòt la.

Kabinè a pwofite rasire tout kliyan li yo ke dosye yo ap trete san okenn kontrent, ak tout respè pou etik ak dwa yo. Me Caleb anonse li pral itilize tout mwayen legal ki egziste pou konbat aksyon malonèt sa a, epi li mande tout moun rete kalm pandan l ap fè sa lalwa mande.

Share:

Leave a reply