Bandi sangwen Savyen piye, bwile e touye:  yo rache e separe plizyè lokalite nan Ti Rivyè

1,380

Ti Rivyè Latibonit, Ayiti______(TRiboLAND) Bandi sangwen Savyen ap rache e separe plizyè lokalite nan Ti Rivyè Latibonit kòm byen manman yo ak papa yo anba je swadizan otorite yo nan depatman Latibonit lan.

Yo fè piyaj nan anpil biznis; yo kraze, vyole e mete dife nan kay ak machin rezidan yo ki oblije nan maron lage 2 bwa balanse. Bandi san sal yo touye yon latriye moun, pami yo yon groumoun 76 lane.

Plizyè katye nan Ti Rivyè ta delimite anba kòmand malfra yo. Ri Louvèti ak Ri Mari Jann, se pami zòn ki sibi delimitasyon anachik sila yo.

Comments are closed.