Group gang sangwen, “Kraze Baryè” kreye anpil gwo panik tranble janm nan divès lokalite nan komin Peyonvil

762

10-18-2023

Petyonvil, Ayiti_____(TRiboLAND) Plizyè katye nan komin Petyonvil ap pran lanm anba zak vyolans group gang “Kraze Baryè” kap dirije anba lobedyans chèf gang sangwen, Innocent Vitelhomme, jounen mèkredi 18 oktòb 2023 a.

Nouvèl yo rapòte se kri arama nan zòn tankou, Kafou Doko, Morèt ak Meyòt ap mande konkou lapolis ki ta sanble pa arive enpoze yon pwezans pèmanan nan lokalite sa yo ki pa konnen ki sen pou yo rele.

Nap raple, group gang sangwen “Kraze Baryè” pa janm sispan montre ke li te toujou mele nan zak sal ak Ariel Henry ak plizyè lòt manm nan aktyèl gouvènman an.

Comments are closed.