Pou Konbat Zak Vyolans ak Ensekirite Jeneralize, Delegasyon Depatmantal òganize 2 jounen Foròm.

355
0
Share:
TRiboLAND

02-16-2023

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND)  Nan yon nòt li fè sòti, Delege (AI) Grandans lan, Mesye Louissaint Cézard anonse ouvèti jounen jodia, 2 jou Forum ki kòmanse jodi jedi 16 pou 17 fevriye 2023. Se yon sòlòkòtò ki jwen bourad ak benediksyon divès lòt sèktè ki fè pati fòs viv depatman Grandans lan.

Aktivite yo ki demare nan Kaskad Klub nan vil Jeremi, deja anonse anpil koulè e retonbe yon parèy inisyativ konte pote bonjan rezilta nan sa ki gen pou wè nan diminye zak vyolans yo.

Antouka, objektif pwensipal bwase lide sa a yo ke Primati ak lòt patenè etranjè ap bay jarèt, se jis pou mande sektè oganize nan sosyete sivil lan pote kole nan bay bourad nan kad takle zak vyolans. Enstitisyon tankou: legliz pwotestan, katolik, vodouyizan e latriyé, ta dwe entegre yo nan batay pou konbat tout kalite vyolans kap taye banda lajounen kou lannwit nan depatman Grandans lan.

Share:

Leave a reply