Yon gwoup sitwayen ayisyen ke gang te fòse yo kite lakay yo, pran ministè kominikasyon daso kòm espas pou yo dòmi aswè a.

775

03 – 02 – 2024

Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) Se avèk anpil fwaka ak anpil fwoustrasyon yon gwoup moun ke bandi te fè kouri kite lakay yo, arive kase e akapare ministè Kominikasyon yon fason pou voye yon mesaj klè bay dirijan malpwòp ou kriminèl ayisyen yo ki kite yo nan lari ap dòmi anba galri depi plis pase yon lane.

Pwotestatè yo, nan moman anvayisman pat mete dlo nan bouch yo pou yo salanbe politichyen ayisyen yo ki mare sosis yo ak gang e kolon rasis entènasyonal yo pou mete deyò nan pwòp peyi yo.

Evenman aswè a, montre ke moun yo deklare, “ Se fout ase atò”, fè pati yon kolònn epizòd vyolans san rete ki deja voye yon latriye moun nan peyi san chapo, patikilyèman yon bon valè polisye inosan. Alòske, PM Ariel Henry ki ta yon pòpèt e yon enkilpe nan lanmò pwezidan Jovenel Moise, apènn sinyen yon “Lòbèy” ke yo rele “akò” (san pwovizyon legal) ak peyi Kenya ki ta sanble deside fè yon jòb sal ak deplwaman 1000 gason batayè ki pwal rantre swadizan vinn mete dlo nan diven gang yo ki ta sanble genyen bon jan kòkòday ak pouvwa ilimite PM ex-defakto a, Ariel Henry a.

Pandan vyolans yo ap fè raj, patikilyèman nan Pòtopwens, anpil moun sispèk se reyèlman jwèt plan kolon entènasyonal yo kap antre an egzekisyon, yon fason pou jistifye “lòbèy” ou “djòb sal” Kenya a, ki yon lòt fwa ankò, menm jan ak zansèt afriken yo ki te vann pwòp ras yo, kontinye repete listwà nan ede kolon yo eksplwàte e fini ak pwemyè repiblik nwa nan monn lan. Rejim William Ruto a, pa lòt bagay ke “Traite des Noirs”!

Ke plis moun kontinye itilize espas etatik yo fas ak yon pouvwa souflantchou ou ilegal, yon seri politichyen sangwen kriminèl konplotè kap komèt krim sou pwòp frè yo!

Enel Richard

Comments are closed.