Yon ansyen depite Eta Florid jwen arestasyon’l nan peyi Dayiti sou akizasyon posesyon zàm ilegal

252

12/25/20

West Palm Beach, Florid___(TRiboLAND) Lapolis nan Miragwànn prosede ak arestasyon yon ansyen depite distri 88, palman Eta Florid, Al Jacquet ki genyen 40 lane.

Selon jounal Miami Herald nan Florid, yon sous kredib e anonym konfime otorite ayisyèn yo ap fè bras pou ankete sou yon evantyèl enplikasyon Jacquet nan posesyon zàm illegal.

Ansyen lejislatè Al Jacquet (D-Palm Beach) te sèvi palman Eta Florid la apati ane 2016 e finalman te vinn pèdi primè demokràt yo pandan ane sa aprè ke li te fè yon remak kont massi ki t’ap dekrive Omari Hardy, opozan ki aprè mete do li atè politikman.

Antouka, daprè Miami Herald, dosye arestasyon Jacquet a, soti anba men otorite polisyè yo e travèse al jwen responsab yo nan gouvènman Jovenel Moise la. Alòske anbasad Etazini nan peyi Dayiti ansanm ak Depatman Deta nan Wachentonn chwazi pa diskite stati Jacquet akoz lwa ki proteje vi prive li.

Nap raple, foto tout kalite pa sispann sikile sou rezo sosyàl yo ki montre pèmi lisans Jacquet ki ekspire, kàt idantifikasyon palmantè li ak yon Glock 9mm pistolè.

Comments are closed.