PM Antigwa ak Babuda a mande Ariel Henry demaske’l nan figi moun, yon fason pou fasilite deplwòtonaj kriz la atravè yon tranzisyon politik

950

02 – 27 – 2024

Georgetown, Guyann____(TRiboLAND) 46èm Somè Karikòm ki tanmen nan Guyann make yon evennman lawont ak yon souflèt moral pou PM Ariel Henry ki tap patisipe nan yon parèy sòlòkòtò nan mitan peyi fanmiy Karayib yo.

Nan moman li tap pran lapawòl jodi madi 27 fevriye 2024 la, nan okazyon Somè Karikòm la, PM Antigwa ak Babuda a, Gaston Alfonso Browne kesyone lejitimite Doktè Ariel Henry nan tèt peyi Dayiti. Li ankouraje pwemye minis enkilpe a, pou li demaske’l sou pouvwa a, yon fason pou kriz rasi plizyè lane a kapab deplwòtonnen. Browne rabat pou li di, ke se Ariel Henry ki anvlime kriz plizyè tèt la kap efondre peyi Dayiti.

“Mwen rete kwè ke pi bon fason pou kriz la deplwòtonnen, se Ariel Henry ki pou demaske’l nan pòs li yon manyè pou fasilite yon tranzisyon politik”. “Ariel Henry pa genyen oken lejitimite, se sa ki agrave pi mal sitiyasyon an ki te deja konplike nan peyi Dayiti”, dapwè PM Antigwa ak Babuda a.

Ariel Henry ki fè pwèv de yon enpostè ou yon sadik, konte pwofite fè yon vwèlta nan Nayiwobi, kapital peyi Kenya, nan objektif pou finalize modalite sou deplwòman Misyon Soutyen Sekirite (MSS) a atravè fòs miltinasyonal yo ki konte antre anndan peyi Dayiti pou yon lòt rara ak jilbwèt jan sa toujou fè okestre ak kominote entènasyonal la.

Comments are closed.