Milye teren ekip Akayè a, Fabregas mouri nan moman yon seyans antrènnman foutbòl

904

02 – 28 – 2024

Akayè, Ayiti_____(TRiboLAND) Lakwà antre e mete dlo nan je ekip foutbòl Akayè a. Nan moman li tap antrene, Olnyck Alézy ki genyen ti non vedèt li, Fabregas mouri sibitman nan yon seyans antrènman apwemidi mèkredi 28 fevriye 2024 la nan Akayè, dapwè enfòmasyon ki arive jwenn TRiboLAND.

Motive e detèmine nan kad pweparasyon Chanpyona Nasyonal la, Fabregas ki jwe milye teren pou ekip Akayè a, tonbe ou vide atè sibitman e mouri yon ti bout tan apwè. Selon sa kèk sous ta rapòte, koz desè a ta genyen pou wè ak yon evantyèl anòmali kadyak kwonik.

Fabregas ki te yon latriye fanatik ak fanmiy dlo nan je fas ak yon parèy dram! Ke nanm milye teren ekip Akayè a repoze nan lapè etènèl!

Comments are closed.