Pòdpè : 3 bandi gang sangwen blese mòtèlman nan mwens pase 60 minit echanj kout zam

1,835

10-22-2022

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Schneider alyas “Jeneral Dènyetan” ou “Plis pou Plis”,  yon chèf gang blese mòtèlman nan Ri Desalin, jodi samdi 22 oktòb 2022 a nan vil Pòdpè. Alòske 2 lòt bandi ki tap evolye anndan gang “Bon Diri” e ki tap fè lapli ak bontan nan Komin Sen Lwi Dinò mouri nan zòn Grigri ki a kèlke kilomèt vil Pòdpè nan mwens ke 60 minit aprè tonbe “Jeneral Dènyetan” an.

Michelet Jean ansanm ak konpayèl li, Tyolo ki tap fè sak pa sa nan Sen Lwi Dinò, mouri egalman nan boukante kout zam ak ajan UDMO nan moman yon operasyon nan Grigri, vil Pòdpè.

Enfòmasyon yo fè eta de “Jeneral Dènyetan ki arive mouri nan menm kondisyon an tou. Li tap boukante kout zam ak ajan UDMO yo nan moman yon lòt operasyon nan zòn Ri Desalin, yon katye rezidansyèl nan site Kapwà Lamò a, daprè Sèvis Depatmantal Kominikasyon Direksyon Polis Nòdwès la, ki konfime kèk bandi nan kanton an tap eseye kanpe ankwa sou chemen operasyon ajan fòs yo.

Si lòt kote ap bay bandi tete, Nòdwès kanpe an bandisyon pou bay mounnen pyès yo ak yon viza zewo tolerans. Nap raple, sa fè prèske yon bon valè chèf gang sangwen ki arive tonbe nan espas yon mwa nan Nòdwès ki detèmine pou eradike bandi sangwen. Lapopo alète popilasyon an pou rapòte nenpòt ka sispèk yo ta remake ki genyen pou wè avèk moun ki blese, pa ezite rele yo!

Comments are closed.