Pwogram imanitè prezidan Biden nan koz, plizyè manb PNH lage pye yo pou peyi Etazini e yon 1/3 ap fè bwas pou bay enstitisyon an do.

947


Kou di nan kan Polis Nasyonal Dayiti! Majorite polisye yo mande ak Direksyon Imigrasyon/Emigrasyon, bon jan kondisyon pou yo retire paspò yo.

02-24-2023
Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Anviwon 20 ajan Polis Nasyonal Dayiti deja kite peyi a pou ale nan peyi Etazini, san konte 1/3 kap fè bwas pou retire paspò yo, se konsekans pwogram imanitè prezidan ameriken an, Joe Biden, sou lavi enstitisyon polisyè a nan peyi Dayiti, pou repete @MiamiHerald.

Aprè pòt pawòl enstitisyon an te fin anonse, ke polisye yo ap kapab al fè paspò sou wout Frè a, sa ta pral soulve plim sou do lòt polisye kap viv nan vil pwovens yo, notamman sa yo ki nan depatman Nòdwès la, kote yo mande ak Direksyon depatmantal la, kreye yon selil pou yo kapab retire paspò yo san pwoblèm.

Anpil kesyon ap poze pou konnen, èske se konplisite ak resèlèz blan an ak tout gouvènman defakto Ariel Henry a, pou fòse polisye yo kite peyi a pou gang yo fin detwi ? Lè yo konsidere prèske nan tout 10 depatman jewografik peyi a, komisarya yo prèske vid, akòz polisye yo pa vin travay.

Antouka, se tout krèm peyi a kap pati. Polisye, medsen, avoka, pwofesè, enjenyè poun site sa yo sèlman. Se yon veritab dràm!

Comments are closed.