Paco blese grav nan yon aksidan moto nan Mòn Dorima

1,379

01-01-2023

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Paco ensikony fè yon grav aksidan nan lannwit 01 janvye 2023, vè 7è 30 pm, nan Mòn Dorima, ki a kèlke kilomèt vil Pòdpè.

Daprè detay moun ki te sou plas, Paco te sou yon moto ak yon volim gaz, nan direksyon Pòdpè. Malerezman li te konfonn vitès ak presipitasyon paske sa ki ta koz li al kraze nan yon machin ki te kanpe, e li blese grav.

Daprè plizyè moun ki tap viv dràm nan, ta sanble Paco te sou enfliyans alkòl. Gras ak sipò moun ki te sou plas, viktim nan rive lopital Imakile Konsepsyon pou pran swen nesesè. Paco se chofè Mèri Pòdpè a, youn nan senpatizan ansyen Prezidan Jovenel Moïse.

Dènye enfòmasyon ki vin jwen TRiboLAND, ta vle fè kwè ke Paco ta mouri nan moman swenyaj yo nan lopital la.

Comments are closed.