Direksyon depatmantal Polis Nòdwès la tanmen, yon operasyon ranmase lajan chak weekend, nan tout biwo sikilasyon yo, ak nan divès lòt aktivite.

1,022

Direktè depatmantal polis branch Nòdwès la, kontinye ap bwase lajan nan move kondisyon nan tout ti kwen nan depatman Nòdwès la.

07-29-2023

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Nan mache fouye zo nan kalalou, sal redaksyon nouvèl TRiboLAND, aprann ke genyen gwo konfli ant ajan polisye yo nan depatman Nòdwès la, ak klan direktè depatmantal polis branch Nòdwès la, ki genyen nan tèt Edner Hyacinthe…

Pou ajan polisye ki opoze ak direktè a, yo fè konnen tout kote direktè depatmantal polis la konnen li ka jwenn kòb sal, li prezan pou tèt li ak klan li.

Pami zòn direktè Hyacinthe ap fè kòb sal, ajan polisye sa yo fè konnen, chak weekend, direktè a ranmase plis pase 100.000 goud nan zafè sikilasyon an. Nan zòn Tibwadòm, direktè a ak tout ekip li keyi lajan anba men bis, kamyon gaz, konntenè poun site sa yo sèlman. Alòske, nan biwo imigrasyon Pòdpè a, chak semèn yo ranmase kòb nan men plis pase 30 moun pou fè paspò.

Ajan polisye sa yo, ki santi yo viktim tou, ap esesye poze kesyon pou konnen, èske direktè depatmantal polis branch Nòdwès la, pa fè pati gwoup gang Tibwadòm nan? Pouki sa se lajan direktè a ap chèche? Alòske pwoblèm ensekirite a, ap vale teren.

Nan sans sa a, polisye fristre yo mande ak popilasyon an leve kanpe kont Hyacinthe ke yon konsidere mèsenè, rakètè pwofesyonèl kap pake lajan e apovwi pi plis popilasyon Nòdwès la.

Nap raple, konpòtman “Papa Gang” dirèktè a, ta sanble ke l’ap travay ou ransone popilasyon an pou Ariel Henry ak tout Frantz Elbé, direktè jeneral PNH la.




Comments are closed.