La polis nan komin Mibalè nan tèt kole ak popilasyon an vide atè, plizyè gwo koure ki te achte komin lan lajan kontan.

969

02 – 26 – 24

Mibalè, Ayiti___(TRiboLAND) Nan kad yon operasyon ajan polisye yo mennen nan komin Mibalè, patikilyèman nan zòn Fon Cheval, nan tèt kole ak popilasyon an jounen lendi 26 fevriye 2024 la, yo rive kraze epi deloje divès gwo koure sangwen ki te achte zòn nan lajan kontan.

Enfòmasyon ki rive jwenn nou nan sal redaksyon nouvèl TRiboLAND ta fè kwè, chèf gang Fon Cheval la, Ti Avyon ak tout lyetnan li Kè Nwè, ki t ap boukante kout bal ak ajan PNH yo, deja fè vwèl pou peyi san chapo nan kad operasyon tranble janm sila.

Yon lòt bò, imaj chokan k ap veyikile sou rezo sosyal yo ta ka montre nou genyen plis pase 9 gwo koure ki deja al jwenn lisifè san konte divès lòt ki deja kraze rak, se bilan ajan PNH yo nan tèt kole ak popilasyon an.

Comments are closed.