8 moun asasinen nan Jamayik yè, menm jan 8 lòt moun te ansasinen Dimanch pase

0 373

Kenstonn___(TRiboLAND) Sèt pami asasinaj ki komèt yè nan divès distri nan Jamayik te rive kote ki te genyen eta dijans. Krim sa yo arive fèt apwè ke peyi sot konnen yè Dimanch 22 Mas 2020 8 krim ki soulve endinyasyon popilasyon peyi rasta a kote ke yon kilti tèrè pa sispan fè pale de li.

Konsa, viktim yo se yon: pèsonaj 57 lane, Dalton Shippy ki jwenn lanmò li anba lapidasyon dapwè yon frè defen an nan Ramble, Hanor. Dapwè rapò otorite polisyè yo, Shippy te pran yon kout mato nan tèt.

Nan distri St Andrew yo anrejistre 3 nan lòt asasinaj yo pandan distri St James ak St Katherine youn rapòte lòt.

Nan zònn Roaring River nan Westmoreland, Kashwayne Bennett youn nan viktim yo ke yo pat ka jwenn laj li ak adrès li apwè ke yon bandi yo pa arive idantifye krible li anba bal.

Yon fanm kap travay nan yon ba krible e mouri anba bal nan yon ensidan.

Nan Kingston Central, yon zònn ki pat anba eta dijans rapòte yon 8 èm ka asasinaj.

Dapwè statistik depatman polis, kòmanse pwemye Janvye 2020 pou rive 21 Mas 2020, genyen plis pase 308 ke yo touye nan peyi Jamayik.

Me yon ogmantasyon de 2.3 pousan krim pou peryòd 2019 la nan peyi Jamayik

Lis asasinaj pa divizyon polisyè

St Andrew South – 35; Clarendon – 31; St Andrew North- 28; St Catherine South – 28; St Catherine North – 23; St Andrew Central – 24; St James – 19; Kingston Western – 18; Westmoreland – 16; St Ann – 16; Kingston Eastern – 14; St Elizabeth – 11; Kingston Central – 11; Manchester – 9; St Mary – 7; Trelawny – 7; Hanover – 6; St Thomas – 3; Portland – 0

Leave A Reply