Gwo kout zam marye ant polisye ak bandi sangwen nan Belè

869

01 – 18 – 2024

Pòtopwens, Ayiti___(TRiboLAND) Nan detèminasyon pou pouse do bandi sangwen e reprann kontwòl, lapolis deplwaye tout yon asnal nan Belè yon fason pou repwann kontwòl lokalite Solino nan kapital la kap pran lanm anba men bandi sans al depi plizyè jou.

Temwen ki renmen wè zen, deklare ke se pa 2 kout zam ki pa chante jounen jedi 18 janvye 2024 la, nan Solino. Se konsa, boukantaj kout zam yo voye 2 sivil ame al bwa chat.

Moun anba Delma ak Lasalenn pat kapab reziste anba rafal kout zam; konsa, anpil rezidan mache pòs yo e kite zònn nan blanch.

Comments are closed.