Administrasyon kominal Jeremi an, prezante bay kominote Jeremyènn lan, pwojè konstriksyon mache piblik lan.

865

02 – 25 – 2024

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Administrasyon kominal Jeremi ke madam Sylmatha Pierre, Pwofesè Joël Jean Baptiste e madam Ivrose Pierre Alexandre ap dirije a, reyini ak manm sosyete sivil lan, nan lokal meri Jeremi an, e pwezante pwojè konstriksyon mache piblik vil Jeremi an.

Pwojè sa a, kap dire plizyè mwa, se espètiz Frans, apati finansman Inyon Ewopeyènn nan kad pwojè Iba Ayiti, kap koute yon montan 1.1 milyon ewo.

Sete okazyon pou konsèy administrasyon kominal Jeremi an, solisite prezans ak patisipasyon manm aktiv sosyete sivil yo, pou veye ak bònn mach e ekzekisyon pwojè a ke yon fim prive pwal ekzekite.

Comments are closed.