Wanament: Twa moun asasinen ak kout manchèt, popilasyon an mete fen nan lavi agresè a

294
0
Share:
TRiboLAND

02/08/2026

Wanament, Ayiti _____(TRiboLAND) Byen bonè dimanch 8 fevriye 2026 la, yon trajedi sanglan frape lokalite Birannman, nan 3e seksyon kominal Wanament. Yon nonm ki idantifye sou non Manius asasinen twa (3) moun ak kout manchèt pandan viktim yo t ap pran swen bèf. Daprè enfòmasyon ki disponib yo, pami viktim yo gen Ludovic PIERRE, JULIEN, ak Maxon, dènye a te rann dènye souf li sou kabann lopital.

Daprè temwen renmen zen ki te sou plas, apre Manius fin komèt zak kriminèl sa a sou moun yo, li te kontinye debòde ak vyolans pandan li tonbe vide manchèt sou plizyè bèf peyizan li te rankontre sou wout li. Zak sa a te simaye panik ak gwo kòlè nan mitan popilasyon an, ki pat pran tan pou reyaji fas ak sa yo konsidere kòm yon atak brital kont lavi ak mwayen viv yo.

Se konsa, lè Manius rive nan lokalite Djout, abitan zòn nan mete men sou li epi mete dife sou li. Daprè enfòmasyon yo, Manius se yon moun Lawoz Bonit, nan komin Karis, ki te vin rete Savann Long depi plizyè ane, kote li t ap charite tè ak towo bèf pou fè aktivite agrikòl.

Apre evènman an, Jij depè titilè a.i Tribinal depè Wanament lan, Renaud PIERRE, akonpanye ak lapolis, ansanm ak kazèk Toto WILVICK, te deplase sou plas la pou fè konsta legal kadav la an prezans plizyè otorite nan Mèri Wanament lan.

Share:

Leave a reply