Polisye Polifwont kanpe ankwa pou pa kite popilasyon an fèmen bò fontyè ayisyen an nan Wanament

1,050

10-08-2023

Wanament, Ayiti _____(TRiboLAND) Polisye Polifwont sangwen ki ta chwazi pa konpran ògèy sitwayen ayisyen an ki ta vle pwezidan rasis dominiken an sispann tòchonnen ayisyen yo ki ta deklare ke ajan sangwen se reselè ki ta genyen move lajan tòsyonè gouvènman ayisyen ak nasyonalis dominiken, ki pa kache ènn visral ke yo genyen kont Ayiti.

Popilasyon ki te deja detèmine pou soude baryè ou drese yon miray pou plase pwezidan Luis Abinadel nan wòl li; sitou lè li montre ke li pa pran ayisyen pou moun e ke machandiz lòbèl ekspire dominiken inikman fèt pou ayisyen.

Pou anpil sitwayen ki genyen san Desalenn kap koule nan vènn yo, yo twouve Polifwont afiche yon konpòt apatrid ki ta sanble yo pare pou defann enterè boujwazi rasis dominiken-ayisyen ki vle ekstèmine pèp ayisyen an, lè yo deside anpeche popilasyon an defann dwa yo pou zam sispann antre al jwenn bandi gang.

Antouka, si gouvènman ki pa itil la, ta fè sòt li, sou pwetèks lap vinn mete lòt, alòske li pat janm pran responsablite pou rezoud pwoblèm yon popilasyon ki alagoni e imilye; yo mèt atann pwal genyen gwo konfwontasyon fas ak yon pèp ki vle ranmase eskanp figi li e pran desten li an men.

Pou anpil sitwayen ki te vekse apwè gaz lakrimojèn polisye yo bay popilasyon an, se konpòtman kriminèl raketè ki vle mete ak kolon ki vle detwi ayisyen yo sou tout fòm.

Dapwè Pastè Moise ki se youn nan alatèt mouvman kanal la, deklare ke Luis Abinader pa yon wà; si li se yon wà, li inikman wà pou repiblik dominkèn, men pa pou Ayiti. Ke Abinader kenbe lòbèy pwodwi kansè ke li vle dekoule sou tèritwa ayisyen an.

“Se pou tout bagay ki gen pou wè avèk relasyon komèsyal avèk Ayiti, rebat. Nap pote lajan bayo, yo ap maltrete nou, yo mete matyè fekal nan salami pou voye Ayiti, yo imilye nou, yo pran nou pou bèt, yo vyole nou, yo pran sa nou posede e pouse do nou, yo ap voye pwodwi kanserijèn vann ayisyen, alòske Ayiti pa janm benefisye anyen nan relasyon komèsyal sila”. Abinader Nazer, selon Pastè Moise, deklare sa ke Abinader konnen an, yo konnen’l tou!

Si dirijan ayisyen yo pat sangwen, yo pa tap kite yon pakèt materyèl konstriksyon ap gate e menm vòlè yo pou bisnis pèsonèl, pandan ke popilasyon an ap dòmi nan fè nwa, achte ti grenn sitwon nan panyòl e ki te jaden seche pou kraze pwodiksyon nasyonal la, anfavè repiblik panyòl, ki menm mete ajenou pwodwi ayisyen nan kominote ayisyèn nan, nan Florid.

Comments are closed.