PM Ariel Henry vwayaje nan kad patisipasyon li nan 46èm edisyon reyivyon Karikòm lan ak yon vwèlta ofisyèl nan peyi Kenya

977

02 – 25 – 2024

Pòtopwens, Ayiti___(TRiboLAND) PM kontwovèse peyi Dayiti, Ariel Henry vwayaje pou peyi Giyana, nan kad 46èm reyinyon òdinè gran Toryan gouvènman Karikòm yo k ap fèt nan kapital Georgetown nan dat 25 jiska 28 2024.

Youn nan pwen ki pwal fè objè diskisyon yo, se dosye Ayiti a, patikilyèman patisipasyon peyi Karayib yo nan deplwàman Misyon miltinasyonal la pou bay jarèt ak sekirite nan rejyon an. Anplis, lòt dosye sou enterè nasyonal ak ekonomi mache inik e lib sikilasyon yo.


Ariel Henry ki soufwi yon defisyans popilarite, gouvènabilite e enkonpetans ki chita sou restavèg ak tchoul entènasyonal, ap genyen pou patisipe nan diferan panèl diskisyon ak rankont bilateral avèk chèf gouvènman yon latriye peyi nan rejyon an.

Ariel Henry ki egalman genyen non li ki ta sanble site nan konplotaj asasinay pwezidan Jovenel Moise, ap genyen pou fè yon kout pye nan Nayiwobi, Kenya, yon fason pou li ale finalize mekanism deplwàman Misyon Soutyen Sekirite (MSS) a avèk otorite kenyann yo ak lòt peyi nan kontinan afriken an.

Comments are closed.