Yon gwoup etidyan prete sèman kòm “fonde pouvwa” nan tribinal Depè Wanament lan

830

09-02-2023

Wananment, Ayiti ___(TRiboLAND) Nan prezans jij titilè tribinal Wanament lan, Renaud Pierre, ansanm ak grefye Tribinal la, anviwon 11 jèn prete sèman kòm “fonde pouvwa” jounen vandredi premye septanm 2023 a.

Majistra Renaud mande fiti avoka yo, pou pran “Lalwa” kòm bousòl yo pou aji selon “Lalwa” pandan l presize pou di, genyen kòd rural, kòd enstriksyon kriminèl, kòd pénal, kòd sivil san bliye konstitisyon an ki se manman lwa peyi a, sa yo se zouti pou kapab byen fè metye a avoka a.

Mèt Jean Charles Jacques sou bò pa li, mande nouvo “fonde pouvwa” yo pou kontinye travay e itilize liv kòm zam yo, se yonn nan meyè fason pou yo devni avoka ke yo reve a.

11 jèn gason ak fanm sa yo fè konnen se ak yon santiman patriyotik yo prete sèman jodi a, pandan yo pwomèt pou respekte kòd deyontoloji metye avoka a.

Comments are closed.