Plizyè chofè veyikil move kou kong kont desizyon Lapolis ki egzije yo peye yon frè pou yo travèse wout Ti Bouk Obòy la.

953

02 – 21 – 2024

Ti bouk Obòy, Ayiti_____(TRiboLAND) Plizyè sitwayen ak divès chofè veyikil move kou kong kont desizyon abitrè e ilegal ajan PNH branch Nòdwès yo, lè yo deside ranmase nan men chofè veyikil yo yon frè pou travèse.

Enfòmasyon ki rive jwenn nou nan sal redaksyon nouvèl TRiboLAND ta fè kwè, ajan PNH yo ta resevwa 3000 goud, 2000 goud, respektivman anba men chofè machin ak motosiklèt.

Mete sou sa, ajan PNH yo ki baze yo nan komisarya Ansafolè a, egzije chak moun k ap rantre-sòti nan Ti Sentàn, peye yon kat 100 goud.

Mekontan kont aksyon gwo ponyèt ajan PNH yo, anpil moun gen gwo dout sou konpòtman Lapolis la ki vin agrave kriz la, lè yo fè alizyon operasyon bwase lajan Tibwadòm yo ki te vin anpire kriz la olye rezoud li.

Nan sans sa a, divès sitwayen ak chofè veyikil mande ak direktè depatmantal Polis branch Nòdwès la, pou fè bak sou desizyon ranmase lajan sou chofè machin ak motosiklèt yo, paske Ti Bouk Obòy pap tounen yon lye biznis pou PNH la.

Comments are closed.