Senlwidinò: Polis minisipal yo etabli yon pòs nan mache Rivyèba pou fouke bandi kap teworize machann yo.

829

02 – 21 – 2024

Senlwidinò Ayiti____(TRiboLAND) Polis minisipal yo etabli yon pòs nan mache Rivyèba sou demand machann yo ak majistra Gaston Estima, jodi mèkredi 21 fevriye 2024 la.

Apwè yon parèy dispozitif, machann yo bat bwavo lakontantman pou travay lameri ap fè nan mache a, kote ke chak jou bandi ame toujou vin fè resèt sou timachann yo. Anpil fwa, bandi sangwen yo konn pote ale tout machandiz yo.

Pou biznisman yo menm, prezans polis minisipal yo se yon sovè ki desann soti nan syèl, paske yo pat konn ki sen pou yo te rele anba grif malfini tout plimaj kap takse yo pri yo deside.

Nap raple, yon bon valè gwoup moun te mase devan biwo konsène yo, kote yo tap chante viv Lameri!

Comments are closed.