PNH LA SOTI AK YON AVÈTISMAN POU ÒGANIZATÈ MANIFESTASYON YO, LI MANDE POPILASYON AN RETE VIGILAN

91
0
Share:
TRiboLAND

11/17/2026

Pòtoprens, Ayiti_____(TRiboLAND) Direksyon Jeneral Polis Nasyonal d Ayiti (PNH), atravè Direksyon Kominikasyon Polis la (DIKOP), lanse yon avètisman bay tout òganizatè manifestasyon nan peyi a, kote li mande yo respekte dispozisyon legal ki reglemante egzèsis dwa pou manifeste a. Nan yon kominike pou laprès, enstitisyon polisye a raple manifestasyon yo dwe dewoule nan respè lalwa, san vyolans, zak vandalis ni menas kont lavi ak byen sitwayen yo. PNH la ensiste sou nesesite pou otorite konsène yo resevwa enfòmasyon sou rasanbleman piblik sa yo omwen 48 èdtan alavans.

Nan menm kominike a, Polis Nasyonal la fè konnen, pandan l ap entansifye operasyon li yo nan plizyè zòn nan peyi a pou konbat gang ame yo, gen endividi ki konn pwofite manifestasyon pou komèt zak vandalis epi simen latwoublay nan mitan popilasyon an. Daprè enstitisyon an, sitiyasyon sa yo kapab enfliyanse deplwaman ak oryantasyon operasyon lapolis yo, sitou lè fòs lòd yo oblije detounen atansyon yo pou jere dezòd ki kapab fèt nan lari yo. PNH la avèti li pap tolere okenn zak vyolans, atak sou moun, destriksyon byen piblik oswa prive, ni twoub nan lòd piblik la.

Pou fini, enstitisyon polisyè a envite òganizatè manifestasyon yo pran kontak ak responsab fòs lòd yo pou kowòdone dispozisyon sekirite ki nesesè yo anvan nenpòt rasanbleman. Li bay tout moun ki gen entansyon patisipe nan manifestasyon yo garanti lapolis ap pran dispozisyon legal pou pwoteje lavi ak byen sitwayen yo sou tout teritwa nasyonal la. PNH la reyafime angajman li pou kontinye mobilize fòs li yo nan objektif pou retabli lòd ak sekirite nan peyi a.

Share:

Leave a reply