MOFEDGA, avèk konplisite Kòdonatris li Roselord Aubourt rele o sekou pou Komisè gouvenman AI Jeremi an, kap aji andeyo la lwa.

977

02- 21- 2024

Jeremi, Ayiti (TRiboLAND) Roselord Aubourt ki se kodonatris mouvman Fanm pou Devlopman Grandans (MFEDGA), denonse Komisè gouvenman pakè Jeremi an, Andre Marrie Pyram, kap aji andeyò la lwa pou vyole dwa paran ak ti fi 3 lane a ke Wagler Luc te vyole nan komin Dam Mari ak konplisite madanm bouro a, ki se Luzenka Jean.

Daprè Kodonatris Madam Roselord Aubourt, Luzenka Jean, antanke madanm kadejakè Wagler Luc, pa dèyè kat miray prizon sivil Jeremi an, antan ke te temwen reselèz. Enfòmasyon yo konfime ke se Luzenka ki tap fè mannèv pou rete san ki tap koule nan pati prive ti moun lan aprè sangwen Wagler Luc te finn sakrifye ti bebe 3 lane a, ki nan moman sa ap fè bezwen li nan yon tib kawoutchou.

Comments are closed.