SOS, SOS, pou moun Ba-Nòdwès : Plizyè pasaje deja viktim anba men yon gwoup gang k ap chèche tabli tèt yo nan rejyon an.

995

02 – 19 – 2024

Jan-Rabèl, Ayiti____(TRiboLAND) Plizyè endividi pèsòn pa rive idantifye ap chèche tabli yon gwoup gang nan zòn Ba-Nòdwès, kote plizyè abitan deja viktim anba grif san manman yo.

Enfòmasyon ki rive jwenn nou ta fè kwè, endividi sa yo ta deja plante pikèt yo nan lokalite Bochan, 4e seksyon kominal sou komin Pòdpè ak sou twonson wout ki mennen Jan-Rabèl la.

Pou anpeche kriminèl yo vin tabli baz yo nan zòn sila, plizyè notab nan divès lokalite pat ezite lanse yon SOS, SOS bay ajan PNH yo yon mannyè pou anpeche pepinyè gang sila pran jarèt.

Comments are closed.