Fahenlly Claire Argant aksede nan konkou nasyonal Miss Elementary America Pageant

04/24/2021
Masachousèt______(TRiboLAND) Fahenlly Claire Argant se yon fiyèt 6 lane ayisyano-amerikèn ki arive aksede nan konkou nasyonal ki rele “Miss Elementary American Pageant” an apwè ke li te fin ranpòte tit Miss de L’État de Massachusetts nan peyi Etazini.
Fahenlly ki chaje avèk chàm, elegans, ak entelijans te enpresyone anpil moun avèk pèfòmans li nan konkou Miss pou Leta Masachousèt la. Li kalifye nan nivo konkou nasyonal kap dewoule nan Little Rock, eta Arkansas apati 20 – 25 jwen kap vini la yo.
Konsa, Fahenlly seleksyone egalman pou li genyen ekzibisyon foto li sou gwo Billboard Times Square nan Manhattan 31 me jiska13 jwen pwochen. Fiyèt la ki trè eveye, renmen lekti, espò avèk teyàt. Li se lavi demen e yon fyète pou ras ayisyèn nan!






