Komin Senlwidinò : Yon mès selebre nan chapèl Saint Rose de Lima nan ansyen bitasyon Balatye a.

08 – 23 – 2024
Senlwidinò, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan okazyon fèt patwonal Saint Rose de Lima, yon mès aksyon degras chante nan chapèl Balatye 3èm seksyon nan komin Senlwidinò jodi jedi 23 out 2024 la.
Yon seremoni kite dewoule nan prezans kòdonatè Kazèk 3èm seksyon an, Saintilmé Saintilus, reprezantan konsèy minisipal la, Leonel Almazi ak peleren ki te soti nan tout ra kwen avwazinant yo. Yo tout, te vin fete Sen patwon yo Rose de Lima. Anviwon yon kenzèn timoun resevwa lakominyon nan okazyon an.

Reveran pè Roberson Pierre nan romeli sikonstans lan mande fidèl yo rete konekte ak Bondye, pran bon jan direksyon pou chapèl Balatye sèvi yon egzanp pou legliz la. Yon lòt kote li mande yo pou viv yon vi ki fini, kenbe pawòl bondye a, mete l an aplikasyon pou yo ka resevwa fòs ak gras nan men Papa Bondye.







Mèsi papa pou tout tr
avay ou fè nou
Triboland la tortue
Bonjou e bonswa Papa Loulou mwen remèsyew pou bon travay ou nan zòn wo Moustik.
Ke Bondye kontinye beniw e baw plis sante pou bon travay sa yo.
Mwen se JEAN-CHARLES Woldane.
Bòn fèt moun st Louis
Triboland latortue
PDG wap frape serye wi . Ou bay tout sòt Nouvèl
Triboland Carice
Bòn fèt Moun Senlwi
Triboland Carice
Triboland la tortue montry