Direktè depatmantal polis Nòdwès la leve plim sou do popilasyon an, aprè rankont li ak Chanm Komès Nòdwès la.

1,275

08-06-2023

Pòdpè, Ayiti___(TRiboLAND) Nan lide pou jwenn plis detay sou fenomèn ensekirite kap ravaje wout Ti Bwadòm nan, Chanm Komès Nòdwès, ki genyen nan tèt li prezidan Jordan H. Verdieu, nan tèt kole ak plizyè manm nan sosyete sivil la, ta pral pran inityativ envite direktè depatmantal polis branch Nòdwès la, pou vin founi esplikasyon sou sityasyon ensekirite nan rejyon gang yo kap teworize tout yon depatman.

Nan moman rankont lan, direktè depatmantal polis Nòdwès la, Edner Hyacinthe ,ki tap pale fè konnen,Ti Bwadòm pa sou responsabilite yo paske li pa sou depatman Nòdwès la. Direktè a nan sans sa a, entime lòd ak prezidan Jordan, pou mande li, pran kontak ak Chanm Komès Latibonit lan pou fòse direksyon depatmantal PNH Latibonit lan, rezoud pwoblèm Ti Bwadòm nan.

“Direktè a kontinye poul di, pou konbat gang Tibwadòm nan, fòk ta genyen yon lame byen ekipe, byen antrene ak divès lo materyèl”.

Deklarasyon sa yo monte plim sou do popilasyon an, sa ki lakòz yo anflame rezo sosyal yo, kote yo akize direktè Edner Hyacinthe kòm moun kifè pati gang Tibwadòm nan, e mande li, pou kisa li konnen Tibwadòm pa sou Nòdwès, epi lap ranmase kòb nan men ti machann yo pou pase machandiz?

Yon deklarasyon direktè a eskive, lèl akize chofè machin yo kòm moun kap sèvi entèmedyè pou komèsan ak bandi yo, pou komèsan ak direksyon depatmantal polis la, nan zafè bay kòb pou fè machin pase.

Moun Nòdwès fatige ak pwezans yon direktè polis nan depatman an ke yo rele “Papa Gang”, e ki pa kache misyon li ki se travay pou Ariel Henry ak Frantz Élbé, nan devlope bonjan ramifikasyon ak gang Ti Bwadòm.

Edner Hyacinthe ap apovwi pi plis toujou Nòdwès peyi a, kote ke lap bwase e fè resèt gwo magogo lajan chak jou nan men ti komèsan, pwopwiyetè kontenè, menm machinn pwive nan zòn Ti Bwadòm. Ke yon parèy dechè kovid, ki fè popilasyon an sonje gwo ansyen tòsonyè ou makout kriminèl rasi , Edner II, kite depatman an!

Comments are closed.