OPC ap bouje pou òganize yon somè sou Sekirite nan Peyi Dayiti.

870

03-23-2023

Potoprens, Ayiti______(TRiboLAND) Ofis pwoteksyon sitwayen, ki repoze sou Dwa ak Devwa sitwayen yo, ap fè sanblan yap file zèl kat yo, pou di yon mo sou sò sitwayen yo kap kouri kite peyi a pou gang.

Pòtopwens, Ayiti_(TRiboLAND) Peyi Dayiti pap dirije, ensekirite tout kote, abitan nan tout ti kwen nan kapital la tankou :Laboul 12,14,Taraz, Fò Jak, poun site sa yo sèlman, ap pete kouri kite lakay; se konsta pataje Ofis Nasyonal pwoteksyon sitwayen yo nan peyi Dayiti, ki pran baton pèleren li, pou fasilite òganizasyon yon somè sou kriz sila.

Rapò sou rapò, akò sou akò ki pa janm akòde, yon bal pa pati! Pou Òganizasyon Nasyon-Zini, anviwon 531 timoun, jèn ak granmoun deja fè vwèl pou peyi san chapo anba kout bal bandi san konte kantite moun ki kouri kite kay yo ak ti moun ki pèdi fanmiy yo, san konte sa bandi sangwen bwile vif.

Anpil kesyon ap poze pou konnen, pozisyon òganizasyon ak enstitisyon kap defann Dwa ak Devwa moun nan peyi isit? Malerezman majorite nan yo gen fwomaj nan bouch yo.

Bouke ak sityasyon difisil sila, bouke viktim, bastonad chak jou ki jou, anba je Enstiti Byennèt Sosyal ak Rechèch, ministè Jistis ak Sekirite Piblik, Brigad kont pwoteksyon minè e majorite nan yo chaje ak baboukèk.

Mongonmen anba je OPC kap defann Dwa ak Devwa moun nan peyi Dayiti, rega yo nan moman an, se defini yon estrateji ke anpil moun deja pa fè konfyans pou wè nan ki mezi yo kapab reyalize somè a sou sityasyon an ki fin pouri.

Comments are closed.