Yon rapò peyi Repiblik Dominikèn deklare Etazini responsab majorite zam, minisyon e dwòg ki antre nan peyi Dayiti

929

02 – 18 – 2024

Repiblik Dominikèn____(TRiboLAND) Enstiti rapòtè siperyè pou fòmasyon diplomatik ak konsilè (INESDYC) ki soti nan zantray Ministè Afè lòt bò dlo peyi repiblik dominikèn, fè sòti yon rapò ki lonje dwèt jouda sou peyi Etazini ki enplike nan voye zam e latriye nan peyi Dayiti.

Selon rapò sila, ki chita plis sou fwajilite, rezilyans, devlopman ak envèstisman (FRED), depi 2021 pou rive 2023, majorite zam, minisyon ak dwòg ki antre anndan peyi Dayiti soti nan peyi Etazini.

Rapò sila soulinye, ke katafal zam ak minisyon sa yo antre anjeneral atè ak nan pò ak zòn kotyè ki pa kontwole yo; e pou dwòg yo menm, se pap pale; yo antre atravè yon seri èpòt ak pwon fontalyè yo.

Menm rapò sila, konfime ke aktivite zam kap soti anndan peyi Dayiti pou antre nan Repiblik dominikèn vinn konplètman diminye depi zak sasinay Pwezidan Jovenel Moise la. Rapò a evoke rezon ki fè bès sa, se paske gang yo ap miltipliye e demann zam nan oblije yo okipe mache zam ak minisyon an.

Pli ke jamè, vyolans gang pran yon nivo kè sere ak toudisman, yon sitiyasyon ke peyi a pa janm wè depi yon latriye deseni alòske ensekirite a ap vale teren nan peyi a. Vilnerabilite sistèm siveyans kwen fontalyè yo, malmakak kontwòl dwaann y oak kòripsyon rasi, se pami faktè pwensipal yo ki okazyone aktivite zak kriminèl yo anndan peyi Dayiti.

Comments are closed.