Okap/Manifestasyon: plizyè milye sitwàyen pran lari pou bay propozisyon Konsèy Tranzisyon Popilè Moise la jarèt

1,235

10-24-2022

Okap, Ayiti_____(TRiboLAND) Plizyè milye manifestan pran lari jodi lendi 24 oktòb 2022 a nan Okap Ayisyen pou proteste kont lavichè tout kalite ki antotye peyi Dayiti ragagann.

Sitwàyen sa yo ki te prouve yon lòt fwa ankò pou ale jiskobou ak aktivite mobilizasyon an, tap foule beton an, espesyàlman pou bay jarèt ak propozisyon konsèy tranzisyon popilè a ke lidè Pitit Jak Jak Desalen nan, Jean Charles Moise mete deyò yè dimanch 23 oktòb 2022 a.

Patizan Moise yo te finn aroyo pandan aktivite protestasyon yo e yo tap egzije enstalasyon yon parèy strikti (Konsèy Tranzisyon Popilè) san pèdi tan yon fason pou peyi a debloke nan mitan kriz jeneralize a. Yo kontinye lonje dwàt jouda sou Ariel Henry ki pa sispann ap anbarase Ayiti devan rès je planèt la. Konsa, yo mande pou yon nyèm fwa, demisyon yon enkapab tankou Premye minis PHTK a.

Antouka, rele chalbarik dèyè gouvènman Ariel Henry a , se yon litani ou yon batay ki apènn kòmanse.

Comments are closed.