Dyaspora ayisyèn nan peyi Lafwans pwevwa yon gwo leve kanpe kont diktatè Ariel Henry

973

02 – 14 – 2024

Pari, Fwans_____(TRiboLAND) Pou ekspwime frustrasyon yo kont gouvènman gang sangwen Ariel Henry ak tout ekip reselè apatrid kap plonje peyi Dayiti, diaspora ayisyèn nan nan peyi Lafwans konte lanse yon gwo manif pwotestasyon nan peyi Lafwans samdi 17 fevriye 2024 la.

Se yon gwo mobilizasyon kap demare devan Quai d’Orsay nan kapital la, Pari, vè 14è, nan kad pou ekspwime rejè ak kè plen yo genyen kont diktatè ou enpostè Ariel Henry ak tout swa dizan otorite vwayou ki detèmine pouf è disparèt peyi Dayiti.

Selon dirijan òganizatè yo, se egalman yon leve kanpe sòlòkòtò, ki pral di “NON” ak tout fòm enjerans ak awogans yon seri anbasad etranjè ki soufwi nostalji kolonyalis kap depafini Ayiti pak an pak; se pou di “NON” ak ensekirite a, san bliye bagay ki rele Core Group, BINUH ak reselè fòs peyi Kenya ki detèmine pou bay gouvènman gang Ariel Henry a jarèt ak tete!

Mobilizasyon an antre nan yon lojik enkondisyonèl pou di “Wi” ak arestasyon Ariel Henry, kòm enkilpe nan lanmò pwezidan Jovenel Moise.

Comments are closed.