Wanament/Ensekirite : Smith Joazard tonbe anba bal nan lannwit 7 jwen 2023

893

06-07-2023

Wanament, Ayiti _____(TRiboLAND) Smith Joazard se non yon jèn gason ki twouve lanmò li nan lannwit 07 jwen 2023 pandan l tap soti nan yon aktivite vodou ki tap fèt nan abitasyon Wobino, nan premyè seksyon kominal Womaribawou sou komin Wanament.

Selon sa ki soti nan konsta legal yo, jij Renaud Pierre fini pa konprann, se swit a yon diskisyon ki te pete nan aktivite sa, pandan viktim nan tap fè wout dekoupe pou l ale lakay li, epi li resevwa 2 katouch dèyè kou li.

Comments are closed.