Me ki sa TRiboLAND konnen sou enplikasyon yon ligliz ayisyèn nan dosye Sanjay Singh ke Jistis Federal nan Florid fouke nan fwod envèstisman (Ponzi), 100 milyon dola ki gen pou wè ak yon biznis machinn “Truck komèsyal”.

1,189

Isiba, nou pa satisfè ak yon tikal! Tande gwo, pèdi tout! Byen pre pa lakay! Se pa tout Gras ki Grès!

  • Sanjay Singh, 43 lane, te jwen arestasyon li semen pase nan Coral Springs, nan eta Florida, peyi Etazini.
  • Lakou Federal nan Florid, akize Sanjay kòm alatèt ki tap jere yon biznis mèd dam ki chaje ak fwod nan envèstisman (Ponzi) 100 milyon dola atravè yon antrepriz Truck Trailer nan konpayi Royal Bengal logistics, Inc. (RBL), ki rele li chèmèt chèmètrès.
  • Sanjay Singh, ki se fondatè RBL, tap dirije yon veritab biznis magouy ak anpil lòt reselè depi janvye 2020.
  • Sanjay, selon zak akizasyon an, vyole ak tout lòt konplis yo, lwa federal ki pa danse kole ak fwod elektwonik ak tranzaksyon pwodwi ilegal.
  • Eskanmòtè ki te sèvi Sanjay konplis yo, te pran plezi pou rale mennen vini yon latriye lòt moun pou envèsti nan antrepriz machinn Truck la ki te bay avantaj bab e moustach, kote ke yo pèdi lajan.
  • Akoz bouch dous, fos deklarasyon ki pa montre gro risk envètisman yo, ak aksyon ou pawòl mèt dam demachè Sanjay yo sou rantabilite aktivite ekonomik kamyon yo, ak nyàj yon seri kout zo ki pa montre aklè kòman RBL ap peye envèstisè yo.
  • Akoz vye fo pwomès ak nyàj mèt dam ki te enjekte nan espwi envèstisè yo, Singh ak konplis yo arive rache plis pase 100 milyon dola blan meriken, nan men malere envèstè yo ke pwezime kriminèl la ak reselè yo itilize pou peye aprè pwòp tè yo ankò, kòm envèstè.
  • Ta sanble, anpil moun nan kominote ayisyèn nan, patikilyèman nan “Redemption Baptist Church”, yon legliz ayisyèn nan Pompano Beach, nan Florid, ta pran gwo kou anba RBL. Kidonk, tout moun se 2 men nan tèt! Anpil dirijan ki ta sanble te nan reselè ak Sanjay Singh, lage nan mera yon latriye fidèl ki enkonsolab ak men nan machwè.
  • 90% lidè yo nan “Redemption Baptist Church” la, tap fè gwo magogo lajan nan pwogram antrepriz kamyonèt la, nan yon pwen ke yo te kite egoyism ak tanta rive vit, te pran kontwòl enstisyon eklezyastik ayisyènn nan, ki te menm tonbe nan konpetisyon gwo mak machinn nèf dènye modèl tankou (BMW, Mèsedès Benz, Onnda, Leksis e latriye, etale nan parking legliz la chak dimanch.
  • Fidèl enstitisyon an, pa konnen ki sen po yo rele! Pwoblèm dan sere ak tranble janm, ta sanble anvayi tout kongregasyon an. Sa yo ki te dispose lajan pou al marye, lajan refinansman kay, kout ponya, magogo ki soti nan 401k, se 2 men nan tèt ak malmakak sou kabann.
  • Reselè Sanjay yo, ki abitye fè gro reyinyon sòlòkòtò nan “Marriott Hotel”, te toujou ap fè gwo pwomès tèt kale, pou te koutize nouvo envèstè yo.
  • Markenzy Lapointe, se non pwokirè ameriken an, pou distri sid Florid la, ki bat gwo bwavo pou ankèt FBI yo ak efò global plizyè lòt antite nan Leta ameriken an nan kad yon parèy krim.
  • Selon sa TRiboLAND arive jwenn, se ta nan moman yon reyinyon ke FBI te rive anvayi espas abityèl annanfè yo. FBI konfiske telefònn tout reselè pou plis ankèt ak pouswit legal.
  • Pwogram envèstisman kamyonèt RBL la, te fasilite envèstisè yo resevwa youn ou de gwo “Truck Trailer” ki koute plis pase 62,000 dola blan meriken; ki ofwi yon rantabilite bab e moustache ki estime plis pase yon latriye mil dola chak mwa.
  • Royal Bengal logistics, Inc., ta sanble li te inikman fonde pou kominote ayisyènn nan, tèlman te genyen koutche malfektè ki tap mache pwomote’l nan yon kominote ki pa janm pran leson sou yon deriv ki deja plonje kominote a finansyèman.
  • Pi piti kòb pou yon moun antre nan RBL li te pwemyèman estime 25 mil dola, apwè li te vinn pase nan 35 mil pou debouche nan 50 mil e latriye.
  • Otorite yo konfiske yon pakèt gwo tonton Truck ke annafè yo te deja posede; gen yon seri Truck, ki oblije kanpe, e menm gen difikilte pou reselè yo jwen parking pou yo, annatandan rezilta ankèt yo sòti. Konsa, anpil reselè riske pran minòt, selon kèk kritik.
  • Pwogram nan, nan dènye moman yo, te fè tèt yon latriye ayisyen pati. Li te menm antre nan yon lojik 50 mil dola envèstisman pou yon Truck e, envèstè yo tap genyen pou resevwa apwè 6 mwa non sèlman manman lajan an, men yon magogo 2500 dola chak mwa pou yon kontra 5 lane.
  • Sanjay Singh, detounen plizyè milyon dola fon envèstisman. Li pran lajan envèstisè yo pou renove rezidans pwive li, peye ipotèk li ak yon seri gwo poban depans pèsonèl. Sanjay riske pase yon pènn maksimal, 150 ane nan prizon, si li ta koupab.
  • Antouka, nan renmen lajan our eve milyonè, dirijan eklezyastik yo ta sanble kontinye ap lage fidèl yo nan gwo tchouboum kap kontinye mete dlo nan je yo, e oryante yo nan zak ilisit ki pa kadre ak lalwa e fonksyon legliz.

Si ou se youn nan viktim ke RBL ak tout reselè yo ta debaba, woule nan farinn ou kase ponyèt nan kominote ayisyènn nan, silvouplè, pa ezite konsilte link sa yo, kote ke FBI pibliye enfòmasyon an kreyòl ak an fwansè sou dosye a.

https://www.fbi.gov/how-we-can-help-you/victim-services/seeking-victim-information/rblinvestors

https://www.fbi.gov/how-we-can-help-you/victim-services/seeking-victim-information/rblinvestors-french

https://www.fbi.gov/how-we-can-help-you/victim-services/seeking-victim-information/rblinvestors-haitian-creole

Comments are closed.