Men poukisa Joe Biden ak Guterres sakrifye pep Ayisyen an!

1,735

Marcel Poinsard Mondésir – Boucan News

Massachussetts, USA, 09/21/2022 – Joe Biden prezidan Etazini ak Antonio Guterres Sekretè jeneral Nasyonzini tou 2 kontinye sakrifye tout yon pèp pou sove epi pwoteje enterè pwisan yo, enterè oligak yo, enterè flibistye yo nan peyi Dayiti.

Pou 2 mèt mond sa yo, tout krim bandi Ariel Henry yo ap fè sou popilasyon an, tout konpòtman manfouben, tout vòl ekip gouvènman an ap fè, tout demantibilay yo, tout tribilasyon jenès la, mete sou sa ogmantasyon san limit pri pwodui petwolye yo, tout zak kriminèl sa yo “Se Pa Anyen” pou ta fè popilasyon an lanse “Operasyon deboulonnen Ariel ak tout san koutya l yo, tout dechèpiyè l yo.”!

Antonio Guterres, Joe Biden, flibistye yo, anti nasyonal yo, tout sila yo k ap jere machin peze souse y’a  pèp la klè li pa nan Ariel Henry ak ekip akolit li yo. Nou tout nèt konnen bilan Doktè newològ manfouben premye minis nou an.

Yon sèl fason pou zo pwason sa rete antravè nan gòj pèp la se machin represyon an pou Ariel kontinye mete an mach ak polis nasyonal la. Se Gang li yo pou li kontinye lage tankou chen anraje pou touye, vòlò ak vyole. Menm lè sa, machin mobilizasyon an ap kontinye pouse pi devan, paske sonje nou se pitit pitit BOSAL YO.

Dapre Juan S. Gonzalez, konseye prezidan Biden ak Antonio Guterres Sekretè jeneral Nasyonzini, manifestasyon kont gouvènman Ariel Henry yo se kèk kontrebandye, gwo zouzoun ki pa dakò pou Leta wete sibvansyon sou gaz yo ki peye pou fè dezòd sa yo.

Nou di ni Joe Biden, ni Antonio Guterres ki mete “pope twèl” yo a nan figi moun la, nou sonje se madanm La Lime, yon amerikèn, reprezantan Sekretè jeneral Nasyonzini yan, nan yon ‘tweet” te konfime defwoke yo rele Ariel Henry nan pòs premye minis apre krim san parèy prezidan Jovenel Moïse viktim nan lannwit 6-7 jiyè 2021. Nou tout konnen, manda mouche Jovenel Moïse dapre Konstitisyon 1987 peyi y’a, te gen tan bout depi 7 fevriye 2021.

Se pa pou granmesi Joe Biden prezidan pi gwo peyi sousèt la, pi gwo peyi k ap jere sistèm kapitalis mondyal la, k ap vòlò tout resous nou yo kontinye apiye, kontinye pote sou do, kontinye admèt ekip Ariel Henry, manfouben, sankoutya, piyajè sou pouvwa nan peyi dAyiti kote ou pa bezwen ni gwo espesyalis, ni genyen linèt pou konprann epi wè “bilan ekip sa sou tout plan nèt anba zewo”.

Èske nou konnen administrasyon Joe Biden k ap gouvène Etazini nan moman sa, sanble kon degoutte (2goutt) dlo ak administrasyon Obama, kote fanmi Clinton t ap koupe rache nan peyi Dayiti?  Dayè Joe Biden li menm te nimewo 2 nan pouvwa Obama, paske li te vis-prezidan.

Pèp Ayisyen, nou viktim yon gwo konplo kote si nou pa deside “Refè Aksyon ki te mennen nou nan Premye Janvye 1804 la” nou fenk kare pran anba konplo kominote entènasyonal la. Nou fenk kare ap benyen nan kras, nou fenk kare jwe marèl ak lamizè. Nou fenk kòmanse tounen jwif eran kote n ap kite peyi n ale sibi lawont ak imilyasyon nan fè tout kalte travay pou yo lakay yo.

Se pou nou pa janm jwenn jistis pou lajan CIRH yo, lajan Petwokaribe yo, pou yo kontinye vòlò resous nou genyen nan lanmè ak anba tè nou, ki fè menm lè Ariel Henry-G9 an fanmi e alye-GPèp kontinye touye nou pa bann e pa pakèt, menm lè Izo, Tilapli fè Matisan tounen pi gwo chanye pase Boutcha, Izioum,  menm lè Lanmò 100 jou ak parèy li yo bloke yon wout entènasyonal, kidnape 16 ameriken, Joe Biden ak Antonio Guterres fenk kòmanse gen “koton nan zòrèy yo, “œillères nan je yo” pou yo pa ni tande rèl nou ni wè kadav nou yo nan peyi Dayiti”.

Establishment meriken an, mèt sistèm kapitalis mondyalize y’a, ak konplisite Nasyonzini atravè BINUH bay ekip Ariel Henry ak akolit li yo, bann eskkav mantal yo, eskkav domestik yo ” dwa lavi ak lanmò sou nou menm 12 milyon fanm ak gason Ayisyen*.

Yo toujou vle pran nou pou « Cobayes » kote yo eksperimante tout plan sadik, tout pwogram kriminèl kit nan domèn ekonomik, nan domèn sosyal ak politik anvan yo al repwodui/refè yo nan lòt peyi y ap tòtòt, y ap toupizi.

Rezon an senp. Loksidan pa janm padone nou radiyès pèmèt batay Vètyè y’a kote nou te fè pi gwo lame sou tè y’a nan epòk sa manje pousyè, nou te imilye fransè yo, nou te kase chenn lesklavaj.

Yo pa padone nou yon lòt radiyès pèmèt ankò, kote 16 desanm 1990 nou dejwe tout plan yo. Ak bilten vòt nou, nou fware plan yo te genyen pou te foure nan lestomak nou ANDP Marc Bazin ak alye l yo. Se pa pou granmesi ekip Ariel Henry y’a genyen Fusion kòm majò jon.  Nan epòk 1990 yo te PANPRA e yo te mare sosis yo ak candida enperyalis yo. Nou pa dwe manje manje bliye.  Se wòl sa yo toujou jwe na listwa peyi a depi 19990.

Defen Jean Dominique t ap fini yon editoryal konsa, ak pawòl sa yo: « Comprendre qui voudra ».

Comments are closed.