Okap manif : jounalis Luly Ménard blese anba bal ajan UDMO

1,478

09-07-2022

Okap, Ayiti __(TRIboLAND) Jounalis Luly Ménard frape nan vil Okap anba yon pwojektil nan moman plizyè milye manifestan tap proteste kont ensekirite tout kalite jodi mèkredi 7 septanm 2022 nan depatman Nò peyi a..

Manifestan yo ki pat mete dlo nan bouch, tap egzije premye minis Ariel Henry demaske’l sou pouvwà a. Se konsa, protestasyon yo ta prà’l anrejistre yon viktim ki se jounalis byen koni nan Okap ki se Luly Ménard ki te arive pran yon projektil .

Daprè temwen ak renmen wè, jounalis kiltirèl la arive viktim pandan l te sou balkon lakay li e tap obsève evolusyon manif lan. Yon bal ki te soti an direksyon yon patwouy ki te gen ladann polisye (UDMO); yo te tire anlè yon fason pou te pouse do manifestan yo.

Apre ensidan an, viktim nan tal pran swen nan youn nan lopital nan vil Kap Ayisyen yon manyè pou resevwà pou resevwa swen li merite.

Jn Simon Manex

Comments are closed.