Divès Òganizasyon dwa moun mande otorite yo nan leta a pou inogire prizon sivil tou nèf la nan Tigwav

2,123

01-31-2023
Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Divès reprezantan òganizasyon dwa moun nan entèvyou ak la près jounen madi 31 janvye 2023 a, nan lide pou mande leta ayisyen atravè ministè jistis ak sekirite piblik pou inogire nouvèl prizon sivil tou nèf la nan Tigwav; konsa, soufrans prizonye yo kapab soulaje.

Responsab dwa moun yo deklare, ke yo konstate depi plizyè lane aparamman konstwiksyon prison an fini, sepandan leta pa deside inogire li pou amelyore kondisyon vi prizonye yo ki antase pil sou pil tankou sadin nan yon ti chanm ki pat fèt pou tout moun sa yo. Defansè dwa moun yo fè konnen, move tretman lakoz prizonye yo atake anba plizyè patoloji tout kalite anndan selil yo.

Toutfwa, militan dwa moun yo poze kesyon pou konnen, eske se mouvman manifestasyon, bloke lari, boule kawotyou pou fanmi detni yo nan rejyon an avan, pou leta tande kri yo. Pou anpil moun, se yon krim Leta vwayou a fè popilasyon kaseral ki ap viv nan malsite, alòske genyen yon batiman disponib pou loje jan sa dwe ye prizonye yo. Fas ak yon parèy deriv ki revòltan, vil Tigwav riske konnen gro vyolans tèt chaje, akoz yon prizon tou nèf ki genyen plizyè ane san itilize.

Nap fè remake, se pa pou premye fwa reponsab dwazimen yo ap itilize kanal laprès pou mande Leta inogire nouvèl prizon sivil tou nèf la, yon fason pou soulaje soufrans prizonye yo kap konnen mizè tout kalite nan sant kaseral Tigwav la.

JOICY Arnold

Comments are closed.