Bandi kidnape nan yon sèvis aksyon degras “live sou Youtube ak Facebook”, 4 moun nan yon legliz advantis nan Kafou

545

04/02/2021

Kafou, Pòtopwens______(TRiboLAND) Sa, moun pot ko janm wè modèl sa! Nan mitan yon sèvis aksyon degras ki te sou live (dirèk sou Youtube ak Facebook), bandi sangwen antre sou chè legliz Advantis Galaad nan Dikini 63 nan Kafou anleve 4 moun jedi swa pwemye avril 2021 an.

Yon video tèt chaje kap fè laviwonn planèt la, montre yon bandi sangwen ame jous nan dan, penetre san onè e kè pòpòz nan espas legliz la e anlve san rezistans 4 moun pami yo pastè legliz la, Audalus Estimé ki te nan direksyon sèvis la, maestro koral legliz la (Gospel Kreyòl) ki se egalman yon pwofesè mizik nan ENARTS, e Welmyr Jean Pierre ak yon lòt fidèl.

Nan moman sa, pèsòn moun pa konnen ki kote otaj yo ye ak ranson ke zak kriminèl sa toujou egzije. Se yon veritab panik ak endinyasyon, yon modèl ke moun pat kapab imajine bò kote sangwen ki jwen benediksyon gouvènman anndan yon peyi ke anpil moun estime ki se otè kalite zak sa yo.

Comments are closed.