Pou pipiti 5 moun mouri e 21 lòt blese grav nan Wès Tekzas

0 361

Odessa, Texas__(TRiboLAND) 5 moun mouri ak 21 lòt blese jodi Samdi-a  lòske yon fiziyè nan Wès Tekzas ap tire sou yon pakèt moun pandan lap kondwi, selon otorite yo. Asasen an te jwenn lanmò li apwè entèvansyon ofisye polis Odessa yo ki konfime gen 3 polis ofysye ki blese.

Sispèk la ki tap kondwi machinn epi tou swit kouri kite veyikil la e pwan kontwòl yon machinn Lapòs, dapwè fòs polis yo. Genyen apepwè 14 viktim ki jwenn tretman nan Sant Medikal Lopital Odessa, selon Chèf alatèt la, Russell Tippin. Pandan tan sa, lopital la deja mete sou pye yon task fòs ki gen plizyè konseyè ak travayè sosyàl ki pou fasilite entèvansyon emosyonèl ak supò fas a yon parèy trajedi.

Dapwè Chèf Polis Odessa-a, Michael Gerke, sispèp la soti nan sant Odessa, li nan trantènn li e li se yon blan. Trajedi-a rive jodi Samdi 31 Dawou 2019 la, vè 3:17 p.m. konsa, lòske yon ofisye depatman sekirite piblik tap eseye fè kanpe yon machinn Honda koulè lò, dapwè Gerk. Konsa, osito machinn nan te kanpe nan stòp la, chofè-a tire sou ofisye-a. Machinn nan te pwan direksyon Wès Odessa kote ke yon lòt moun pwan katouch. Sispèk la kontinye ap tire atravè Odessa jiska nan 42èm Ri-a, kote ke li fè plizyè victim.

Apwè ke li te finn pwan machinn Lapòs la, sispèk la te fè plizyè victim. Konsa, li pwan dirèksyon Ès bò sal sine Cinergy, kote ke li tap marye kout zàm ak plizyè ofisye ki finalman krible li ak katouch.

Leave A Reply