Eskandal koripsyon nan DINEPA branch Nòdwès

908


05 – 07 – 2024

Pòdpè, Ayiti ____(TRiboLAND) Biwo DINEPA Pòdpè a an bran-l, aprè eskandal koripsyon ki pete kote ta sanble gen 34 milyon Goud ki ta fè wout krochi.

Daprè kèk detay sal nouvèl TRiboLAND kòmanse jwenn, magogo sa ta sanble fè wout krochi ant moun ki responsab pou al fè depo ak yon seri gwo zotobre nan biwo a. Paske gen divès depo ki toujou al fèt san lajan sa yo pa rive sou tèm bankè DINEPA.

TRiboLAND ap kontinye fouye zo nan kalalou pou kontinye chèche detay pou kenbe piblik la enfòme.

Comments are closed.