Bilan pasyèl inondasyon nan Nòdwès : yon moun mouri, 149 kay andomajje e sektè agrikòl la pran gwo kou.

296

B04/06/2021

Pòdpè______(TRiboLAND) Yon moun pèdi lavi l ak yon santèn kay andomaje nan komin Jan Rabèl. Peyizan yo, sitou nan Wonòdwès, pa rive sove anyen nan jaden yo akoz debòdman flèv Twà Rivyè. Nan Jan Rabèl, timachann yo pa konnen ki sen pou yo rele. Majorite nan yo, t’ap bwàse ak lajan koutponya nan men yo.

Rétone José, Agr.

Kidonk, revandè sa yo, pa arive sove anyen nan depo akoz jwèt bosal lapli a ki kontinye ap tonbe san rete sou rejyon Nòdwès la, dapwè kowòdonatè tekniik Pwoteksyon Sivil rejyon Nòdwès la, Agr Rétone José, ki fè konnen, nan kad yon bilan pasyèl ke komin ki pi frape an, se komin Jan Rabèl akoz travay netwyaj ki pat janm rive fèt nan kannal yo .

Nan moman n ap pale la, lapli a kontinye ap mare figi’l sou depatman Nòdwès la. Majorite lekòl oblije voye elèv yo lakay yo. Trafik Pòdepè – Jan Rabèl sanse vrèman enpratikab ni pou moun apye, ni pou chofè yo ki konn abitwe brave danje sou twonson wout sa yo.

Nan vil Pòdepè, tankou nan Jan Rabèl, divès kay chaje kouleba ak dlo, fatra, e labou anndan divès katye popilè ki rete ap tann mouche leta mache sou yo.

Saint Jean Wiskis



Comments are closed.