Responsab Legliz Katolik yo nan Nòdwès aplike alalèt modòd siperyè yerachik yo

517

04/15/2021

Pòdpè_______(TRiboLAND) Jounen jedi 15 avril 2O21 saa, chapèl, pawas melanje ak responsab Katedral Pòdpè t ap klèwonnen depi l te fè midi tapan. Fidèl Katolik, elèv lekòl, manm nan opozisyon an, ki te sòti toupatou te rann yo nan Katedral Pòdpè a kote yo t ap fredone chante pou libération peyi Dayiti ki twouve l anba men diktatè ak bandi san fwa ni lwa.

Selebran Prensipal la, Rev. Pè Georges Athis, nan omeli sikonstsans lan, te pran divès ekzanp nan labib pou montre ni peyi Dayiti ni relijye ak relijyèz yo kidnape yo, pap rete lontan nan men ravisè ak diktatè a. Selon Rev. Pè Georges Athis ki t ap depoze nan okazyon Jedi Nwa saa.

Opozisyon an nan Nòdwès, li menm tou, te mase devan Katedral Pòdpè a aprè midi 15 avril 2021 an nan bat tenèb pou pote solidarite yo ak Legliz Katolik pandan yo t ap lanse pawòl pimanbouk kont prezidan defakto a, msye Jovenel Moïse.

Opozisyon an nan Nòdwès felisite otorite Legliz Katolik pou yon parèy inisyativ pandan l fè responsab Katolik yo konnen tou jounen 15 avril 2021 sèlman pa sifi; savledi randevou a se beton an li ye menm jan ak Legliz Pwotestan yo ki te desann atè a, yon fason pou mete yon bout nan zak bandi, kidnapè ak diktatè ki vle pran peyi papa Desalin nan an notaj.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.