Kapital peyi Dayiti anfoudraye nan kadjaboumbe apre Ariel Henry fin deklare l’ap òganize eleksyon jeneral yo nan lane 2025.

1,056

02 – 29 – 2024

Pòtopwens, Ayiti____(TRiboLAND) Gwo deklarasyon tanpèt premye minis defakto peyi Dayiti a, mouche Ariel Henry, lage kapital peyi a nan tèt chaje pi plis, jounen jedi 29 fevriye 2024 la.

Depi 7è nan maten se gwo van panik, zam ap chante, dife ap mete pasi pala, saki lakòz anviwon 17 moun ki sòti nan divès zòn tankou : Laplèn, Kafou Vensan, Kwadèmisyon, Sat, Maren, Fouji, zòn Simon Pele, Wout Ayewopò, Dèlma, Anba lavil, poun site sa yo sèlman ap resevwa swen sou kabann lopital jeneral san konte, plizyè komisarya ak divès lòt enstitisyon ki deja pase anba flanm dife.

Sityasyon gwo van panik sa a lakòz tout vòl entènasyonal ki te dwe kite ayiti pou ale nan peyi blan Meriken ou byen yon lòt peyi anile vòl yo, san konte yon latriye lekòl ki te kouri fèmen pòt yo.

Pawòl revolisyon ap klèwonnen, selon pòt pawòl Viv Ansanm lan, wè pa wè fòk lokatè defakto sangwen Primati a demaske’l nan figi moun.

Comments are closed.